Eske yon kretyen ka marye ak yon payen?
- Camille J. Ralph Datus
- 16 févr. 2024
- 2 min de lecture

Men avètisman ke apot Paul te voye bay kretyen korint yo.
2 Korint 6 : 14 - 16
Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?
Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè?
Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa : M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.
Paul pa sèlman pale pou maryaj, men tout asosyasyon ke yon Kretyen kapab fè avèk yon payen, li te plis mete aksan sou maryaj paske se yon prosesis kap pèmèt ou fè yon sèl...
menm jan sa ekri nan Jenèz 2 : 24
Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.

Fè yon sèl ak yon moun ki pa nan menm liy avèk ou enplike anpil bagay, nou pap gen menm lespri kap oryante nou, bezwen nou yo ap diferan, lap difisil pou timoun yo oryante, ap gen diskisyon souvan paske prensip yo pap menm...
Men tout asosyasyon yon kretyen ap fè avèk yon payen li ta dwe pridan anpil anpil.
NB : Ou lib pou w chwazi moun ou vle pouw marye, men panse ak enkonvenyan yo, panse ak sali w tou.
Mèsi paske w te pran titan pouw gade avèm, map plis kontan siw pataje l ak yon lòt zanmi.
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments