top of page
Rechercher

Kisa labib di sou diferans laj nan yon relasyon?

Nou pagen twòp egzanp nan bib la.

Men nou konnen Abraham te gen 10zan anplis Sarah. E se sèl koup nou konnen laj 2 patnè yo.


Jenèz 17 : 17

Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent?


Nou konnen tou ke Joseph te gen plis laj ke Marie Men bib la pa mansyone sa.

Laj la kapab enpòtan anpil nan mariaj la. Men gen lòt bagay ki pi enpòtan tankou sali, matirite espirityèl ak konpatibilite 2 moun yo...Toutotan ke nap vyeyi

laj la vin gen mwens enpòtans.


Sa nap konseyew pa marye ak yon moun ki pi jèn pa konvwatiz, oubyen tou

ak yon moun ki gen plis laj pou kòb li.


NB : Mande Bondye plis sajès nan lè nap gen pou n fè chwa yo.


Jak 1 : 5

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou granmesi.


Mèsi paske w te pran titan pouw te gade avèm, map pi kontan toujou siw patajel ak kek lòt moun 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup Ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus

Pasteur,ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page