Komanw kapab konnen siw gen Sentespri?
- Camille J. Ralph Datus
- 27 avr. 2024
- 2 min de lecture

Ou vin yon kretyen se lè ou gen Sentespri vivan nan lavi w. Si yon moun pa gen Sentespri abite nan li li pa pou Bondye.
Rom 8 : 9
Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
Paul tap anseye kretyen korint yo poul te di yo akòz Sentespri Bondye yo tout vin fè yon sèl .
1 korint 12 : 12 - 13
Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.
Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
Si w kwè epiw resevwa Kris kòm sovè w ou genyen Sentespri.
Galasi 3 : 14
Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.
Men gen diferans ant Sentespri/ Ranpli ak Sentespri
Ou resevwa Sentespri nan moman ou asepte Kris, tout kwayan genyen Sentespri kòm so ki pwouve ke yo se pitit Bondye.
Ranpli ak Sentespri vle di kite Sentespri dirijew..
Galasi 5 : 16
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.
Efezyen 5 : 18 - 20
Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri.
Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.
Nan non Seyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay .
Ranpli ak Sentespri se abiye e kontwole pa Lespri.
Travay 2 : 4
Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
Rom 15 : 13
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Commenti