top of page
Rechercher

Poukisa Bondye pa touye elmi nou yo?


Nan Lik 9 : 54 - 56 men sal di :

Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo?

Jezi vire bò kote yo, li pale byen sèvè ak yo.

Apre sa, y' ale nan yon lòt bouk.


M pata renmen pou sa ta deranje nou🤔, Bondye pata renmen pou mechan an pèdi, men l ta renmen li repanti pou l ka sove paske l gen yon lanmou ki san mezi. Li itilize pasyans pou mechan an ka mande padon.

Menm jan lè Jezi te sou kwa a, li te pwononse yon pawòl ki te chaje ak benediksyon e ranpli ak lanmou.


Nan Lik 23 : 34

Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.


Mond lan pa konnen sak lanmou an, vrè lanmou an soti nan Bondye. Mond lan bezwen konnen kè pafè kreyatè a genyen.


Nan Som 103 : 8 li di

Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.


2 Pyè 3 : 9

Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.


Pi gwo dezi Bondye se pou mechan kite tout vye bagay, tout vye mès poul tounen vin jwenn li.


Men m jan li di nan Matye 5 : 45

Se konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal.


Donk pa swete lanmò pou pyès moun, men pito mande gras pou yo

Dayè li pèmèt yo viv nan mitan nou pou yo ka wè lanmou l ak padon l kap manifeste nan nou.


Mèsi paske w pran titan pouw gade avèm, map pi kontan toujou si w patajel ak yon lot


Si w ta renmen patisipe avèk nou sou group ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur,ing.informaticien

 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
bottom of page