top of page
Rechercher

Pozisyon ak pratik seksyèl kisaw ka fè ak saw paka fè

Anpil koup marye poze kesyon sa ki pozisyon mka pran lè map fè sèks ak patnè mwen? Kisa m ka fè ak sa bib la entèdi?


Pagen yon repons inivèsèl men map ede nou pèsonelman, pandan map ede nou poze kesyon sa yo.


1 - Eske sa souye konsyans mwen devan Bondye?


Paul ap ankouraje nou pou nou aji selon konviksyon nou nan :


Women 14 : 23

Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l' lè l' manje l', paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.


2 - Eske pandan map poze aksyon sa map vyole patnè m nan oubyen aji kont volontel?


Si se vre pa fèl, paske Bondye kreye nou pou n lib, tout sa ki fèt pou kontwole, domine, ekraze oubyen retire diyite yon lòt, tout sa ki fèt avèk fòs, kont volonte patnè a, sa ouvri pòt pou nenpot lòt bagay fèt, respekte libète youn lòt.


3 - Eske sa danje? Eske l ka pèmèt patnèm blese? Eske sa ka gen gwo konsekans sou santel?


Kèk pratik kapab souye w e yo kapab fè gwo mal ak patnè w, egzanp pratik sodomi an, depi gason an ta anvi sa l'ap gen tandans mande madanm li l, sa kapab gen gwo konsekans nan yon tikras tan ( ou kapab blese, ou kapab gen gwo enfesyon, ou ka pa ka twalèt byen..)


Pafwa gen gason ki konn gen anvi ki konplike ke yo mande ak madanm yo, yo konn men m menase madanm yo, ale chachel deyò tou sil pata vle.


Mwen menm mwen denonse sa, mwen vle pito pou nou viv nan inite nan mariaj la. Pa bliye nou dwe fè sa ki nan enterè lòt pa nan enterè pa nou sèlman.


1 korint 13 : 5b

Moun ki gen renmen nan kè li p'ap chache avantaj pa l


Ebre 13 : 4

Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.


4 - Eske sa ka fè m pa respekte kò patnèm? Eskel ka gen yon enpak negatif sou relasyon an?


Kò patnèw se pou ou, men m jan kò paw se pou patnè w, nou 2 nou vin fè yon sèl chè. Men endividyèlman kò nou se tanp sentespri .


1 Korint 6 : 19

Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.


NB : Pa refize patnè nou, konsa tou fòk nou antann nou.


1 korint 7 : 5

Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien 

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page