Rete konekte nan Bondye
- Camille J. Ralph Datus
- 9 févr. 2024
- 1 min de lecture

Yon telefòn ki pagen batri li pap ka fonksyone paske li depann de batri a, batri a bezwen yon sous pou l ka rechaje, e men m si ou ta gen yon priz tou prè w sa pap sifi. Paske wap bezwen gen volonte pou w konekte.
Men m jan nou pat fèt poun te fonksyone sou pwòp enèji pa nou, Kris bezwen sous enèji w, nan ka pa nou an, priz la pa sèlman tou prè nou, men li anndan nou tou. Men pou nou fè bèl eksperyans sa avèk li nou bezwen konekte.
Komanw kapab konekte ak li
1 - Pran yon titan pouw li bib ou chak jou.
1 Timote 4 : 13
Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.
2 - Kreye yon lyen avèk li
Jan 1 : 12
Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.
3 - Pale avèk li tankou yon zanmi.
Som 16 : 7
M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè.
Mèsi paske w pran titan pou w gade avè m, map pi kontan si w patajel ak yon lòt moun.
Si w ta renmen patisipe avèk nou sou group ansèyman bib la,klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur,ing.informaticien
Comments