9 Meyè konsèy sante ke Bib la bay
- Camille J. Ralph Datus
- 14 mars 2024
- 2 min de lecture

1 - Sante mantal
Pwovèb 14 : 30
Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
2 - Toujou rete pozitif
Pwovèb 15 : 30
Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bon nouvèl.
3 - Fè atansyon lè nap bwè kleren
Ezayi 5 : 22
Madichon pou nou! Lè se boutèy diven pou nou desann, nou pa manke kouraj! Lè se gwòg pike pou nou konpoze, nou pa manke vanyan gason!
4 - Toujou ekilibre travay ak repo
Eklezyas 4 : 6
Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.
5 - Enpotans domi genyen
Eklezyas 5 : 12
Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote.
6 - Manje ak moderasyon
Pwovèb 25 : 16
Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi.
7 - Fè rejim nou avek plant
Jenèz 1 : 29
Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.
8 - Fè Bondye konfyans
Pwovèb 19 : 23
Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.
9 - Obeyi pawòl Bondye wap viv lontan
Pwovèb 3 : 1
Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.
Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt🙏
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments