top of page
Rechercher

Eske si yon kretyen makiye li peche?

Avan tout bagay se yon relasyon pèsonel kew genyen ak Bondye se pa prensip religyon ke wap swiv, wi se vre gen lwa kew dwe respekte, non sèlman sa Bondye ba nou sentespri pou oryante nou.


Pafwa, Bondye ka entèdi w yon bagay poutan li pa entèdi yon lòt li donk sa se yon bagay pèsonel. Gen plizyè rezon ki ka fèsa :

Sa ka gen rapò avèk pasew (avanl te konvèti) alkòl, abitid, kèk andwa w te konn frekante avan, sa vle di Bondye ka petèt ap eseye detache w de kèk bagay ki te konn pran plas li sou twòn kè w tankou (Makiyaj, televizyon, foutbòl, karyè w, lwazi w..)


Nan ka sa konviksyon ke Sentespri mete nan kèw konsènan bagay sa yo konsène ou menm sèlman. Ou pa ka konsidere l pou tout moun anplis ou paka fè l tounen yon doktrin tou. Generalman sa ki aplike pou ou pa oblije aplike pou tout moun. Gen yon dènye bagay ankò tout moun pagen menm nivo de matirite espirityèl.


Sa vle di tout tan wap grandi espirityèlman se tout otan ke nivo egzijans ou ap ogmante. Egzanp : Si Bondye di ke ou pa dwe tande mizik monden li dil an fonksyon de matirite w. Se Bondye ki konnen nivo espirityèl ou se li ki konnen ki sa ki ap bon pou ou.


Menm jan apot Paul di nan

Women 14 : 14

Byen resevwa moun ki pa gen yon konviksyon solid sou sa yon kwayan dwe fè ak sa l pa dwe fè, san fè lide kritike fason yo panse. Yon moun kwè li ka manje tout bagay, yon lòt menm, ki pa gen yon lafwa solid, li manje legim sèlman. Moun ki manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki pa manje tout bagay; epi menm jan an tou, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki manje tout bagay la. Paske Bondye aksepte l.


Nan 1 Samyèl 16 : 7b li di :

Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.


Wi labib enterese ak kè, men si yon fanm pase tout tanl ap depanse lajan pou aparans fizik li, sa vle di fanm sa bay priyorite ak aparans li e sa se yon sentom oubyen rezilta de yon pwoblem espirityèl.


Nan 1 Pyè 3 : 3 - 5 li di :

Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estrawòdinè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou.


Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.


Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo.


NB : Se pa yon pwoblem pou yon fanm makiye men yon fanm pa dwe konsantre l sou aparans li nan nivo poul neglije lavi espirityèl li.

Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page