top of page
Rechercher

Fè atansyon ak moun wap chwazi kòm zanmi w

Menm jan sa ekri nan Pwovèb 13 : 20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.


Lè wap fè zanmi ak yon moun, ou sipoze gade konpòtmanl, stil li e kisa l ka pote de bon lakay ou epi eske l gen krentif pou Bondye.


Gen moun se salitasyon sèlman ou ka genyen avè l, gen moun ou ka fè 2 minit sèlman ap pale avèl, gen moun ou ka fè plis, gen moun ou ka ouvri pòt lakay ou bal antre konsa tou gen moun se nan baryè a ou ka resevwa l.


Se jis pou m montre w se pa tout moun ki ka zanmi w, aprann bay tout moun plas yo epi wap wè koman lavi w ap ye.


Nan Pwovèb 16 : 29 li di :

Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.


Depi yon zanmi ap fè sa ki pa bon lap difisil pou l pa entegre w ladan.. menm jan si zanmi an pa renmen obeyi lè paranl pale avè l, li pral fè w fè menm bagay la tou..


Nan Efezyen 5 : 11 li di :

Pa asosye w ak anyen moun ki nan fènwa yo ap fè, bagay sa yo pa janm pote bon rezilta. Okontrè, denonse yo pou moun wè klè jan yo pa bon.


Paran w te gen dwa byen leve w epi nan yon tikras tan yon move zanmi gate tout bagay..enfliyans se gwo bagay pran prekosyon.


1 Korint 15 : 33

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.


Mèsi paske w te pran titan pouw gade avèm, map pi kontan toujou si w patajel ak yon lòt.


Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
bottom of page