top of page
Rechercher

Koman nou kapab konnen si Bondye tande priyè nou epi akòde nou sa nou mande a?

Labib ba nou 5 kle kap ede nou konnen lè demand priyè nou akòde.


1 ) Mande

Matye 7 : 7

Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.


2 ) Kwè

Women 4 : 20 - 21

Li pa t janm doute nan mete nan tèt li Bondye pa ta kenbe pawòl li. Olye l ta sispann kwè, li kontinye fè Bondye konfyans epi li fè lwanj pou Bondye.


Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt.


3) Chache konn volonte Bondye

1 Jan 5 : 14 - 15

Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li.


Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la.


4) Obeyi

1 Jan 3 : 22

Tou sa n'a mande l', la ban nou l', paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l' plezi


5 ) Mande nan non Jezi

Jan 15 : 16

Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Si ou ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page