Lajenès reveye w, ou vo plis ke sa
- Camille J. Ralph Datus
- 28 févr. 2024
- 2 min de lecture

Nan yon sosyete lajenès reprezante fòs viv e yo kontribye nan progrè sosyete a.
Labib prezante jenès la kòm yon antite ki gen anpil enèji ak kapasite pou yo travay.
Pwovèb 20 : 29
Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'.
1 Timote 4 : 12
Pa kite pesonn pase ou nan betiz paske ou se jenn. se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.
Gen anpil moun ki itilize nou mal paske nou bay aksè, dèfwa yo profite de bezwen ak inosans nou pou yo devye nou. Lòt bagay nou pata panse, menm moun ki nan fanmi nou dèfwa konn ap veye tonbe nou pou yo rejwi.
Men malerezman nou pran nan kou a.
Pa bliye ke chak jou nou pase sou tè sa enpotan nan lavi nou .
Menm jan maestro Beethoven Chenet di l " Les minutes sont controlées"

Sòm 90 : 12
Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
Sispann itilize tan nou mal, gaspiye jenès nou mal, nou se fòs la nou paka ap desespere, nou se limyè a, se pa nou ki pou ap etenn..
Jodi a m wè anpil nan nou bliye definisyon entimite, nou livre nou nèt sou entènèt la, pati ki ta sipoze entèdi jodia tout moun gen chans pou wè yo san redi e gratis.
Nou avili tèt nou, nou pa gn okenn rezèv, sa nou ta sipoze antre nn chanm poun fèmen pòt, priye mande Bondye padon pou yo, se nou ankò ki monte sou rezo yo pou n rakonte yo san pwoblèm.
Nou pa panse ak demen nou, nou just ap gaspiye jenès nou e fè egzakteman sa dyab la vle nou fè a kise avili tèt nou.
Nou konn itilize yon pretèks ki di : " ou wè men w paka pran " , 🤔 fizikman wi, men spirityèlman depi moun nan wè li ka pran.
Reveye nou, m konnen nou vo plis ke sa nap fè a.
Mèsi paske w te pran titan pouw gade avèm, map pi kontan toujou si w patajel ak yon lòt zanmi.
Si w ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien









Commentaires