Pa kouri dèyè pyès moun ki vle soti nan vi w
- Camille J. Ralph Datus
- 25 févr. 2024
- 2 min de lecture

Anpil fwa gen moun ki soti nan vi nou san nou pa menm konn rezon an, dèfwa nou poze anpil kesyon pou n konnen kisa nou fè ki koz nou pèdi yon moun ke nou renmen..
Sa m vle pou nou konnen depi yon moun separe de nou gen yon rezon pou sa.
Nan Pwovèb 23 : 6 - 7 li di :
Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.
Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa
Pafwa moun ou konsidere tankou zanmi w lan, li pa konsidere w menm jan an.
Anpil fwa yo konn gen misyon menm pou yo detwi w.
Nan inosans ou Bondye konn ede w debarasew de moun sa yo.
Moun sa yo konn anpechew avanse paske yo fè yon enpak negatif sou ou. Pi souvan yo konn montre w yo renmenw lè yo santi yo ka eksplwate yon bagay lakay ou.
Nan Som 18 : 49 li di
Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
Gen de moun ou gen nan vi w se sèpan yo ye yap fin souse w pou yo lagew.
Nan 1 Korint 15 : 33 li di :
Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.
Yon move zanmi pap janm pote bon bagay lakay ou se toujou move bagay.
Anpil fwa Bondye retire yo poul ka fè plas, paske gen de benediksyon ou pral jwenn nan men Bondye moun sa yo paka nan vi w.
Som 108 : 13
Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
NB : Pridan epi toujou konte sou Bondye lap Toujou fè sa ki bon pou nou.
Mèsi paske w pran titan pouw gade avèm, map pi kontan toujou si w patajel ak yon lòt zanmi.
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien









Commentaires