Eske batèm ka sove moun?
- Camille J. Ralph Datus
- 13 nov. 2024
- 2 min de lecture

Gen moun mwen konn tande kap di, kounya Mwen batize mw an règ avèk Bondye, konsa gen lot ki konn di mwen batize kounya mwen sove.
Ann al gade kisa labib di :
Jan 3 : 36
Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
Apot Pòl Di nan : Rom 10 : 9
Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.
Apot Pyè Di nan : 1 Pyè 3 : 21
Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò,
Batèm nan se yon siy dinyon ant kwayan an avèk Bondye, se li ki pwouve tout moun kew gen yon bon relasyon avèk Bondye. Men se pa li menm reyèlman kap fèw sove.
Ann gade sa apot Pòl di nan :
2 Korint 5 : 17
Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.
Sam vle nou konnen : Si batèm nan te endispansab pou nou sove, nou patap gen egzanp sa.
Ann gade avèk mw nan :
Lik 23 : 43
Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.
Brigan an pat menm gen chans batize. men Jezi bal asirans ke jodia menm li pral avèk li nan paradi.
NB : Batèm nan ap toujou rete yon angajman pèsonèl , e se sèl moun ki gen ase matirite ki kapab pran angajman sa poul batize.
Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou, nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lot moun.🙏
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus
Pasteur, ing. Informaticien
Commenti